D
Dukens Dirone


Mes Histoires Seront Dans la Langue Créole, Ils sont Très Intéressants. Suis Un Haïtien, Merci à vous tous.


Historische Romane Alles öffentlich.

#Djidji #inkspiredstory #Level #Ok
2
1.3k ABRUFE
Im Fortschritt - Neues Kapitel Everyday
Lesezeit
AA Teilen

Soufrans Rachelle

Soufrans Rachelle

- EPISODE #1-

Auteur : Dirone Dukenstoms Aka KEN-G.

M'ap Salye Chak Grenn Moun Ki rive sou Istwa Sa ki gen Kelke Chapit Ladan', Map mande Nou Pataje Istwa Saa Se pap yon Istwa Gratis Men Nou Just pataje'l avew pou'w Dekouvri Konesans Avèk Talan Auteur lan.


Merci & Bonne Lecture..!!

👉🏾Rachelle se yon jèn demwazèl k'ap viv Avec papa li sèlman, Paske depi lè Rachelle te Piti Manman li te mouri, Papa Rachelle se yon Moun ki konn travay latè. pafwa Rachelle avec papa li konn dòmi san manje, tèlman yo pa Gen mwayen, Ebyen se papa Rachelle la k'ap ede Rachelle depi lè Rachelle te Piti pou jis kounyea Rachelle vinn gen 12Lane. Papa Rachelle la pral pati pou li ale nan peyi étrangers pou li al chache yon lavi miyò, e pou vi a ka vinn pi bèl nan men Rachelle tou.


👉🏾Yon jou, pandan Rachelle chita pa dèyè kay la lap penyen tèt li, Konsa papa li sot nan jaden, epi Rachelle ap pale Avec papa li.


Rachelle :Papa ki kote ou te ye la, Mwen grangou wi ?


Papa Rachelle :Mwen soti nan jaden an wi Pitit fi'm, Mwen sot fouye detwa patat.


Rachelle : Mpap baw Manti Mwen vrèman grangou la, Menm cheve'm map penyen se anba fòse map fèl tèlman Mwen gen yon feblès sou Mwen.


Papa Rachelle :Pitit fi'm vi nou pral chanje wi, Mwen pap baw manti se zwa wi nou pral manje kounya.


Rachelle :Nan Kijan se zwa nou pral manje a ? Ou fè rankont avec milyonè.


Papa Rachelle :Mwen pap isi a ankò, Mwen prale nan peyi étrangers pou'm al chache yon lavi miyò, e m'ap toujou voye ba ou tou.


Rachelle :Oh ! Map sonjew wi papa, ou serye ?


Papa Rachelle :Wi Pitit fi'm. men ou pa bezwen bay tèt ou problème non, paske se vi nou ki pral chanje.


Rachelle :Timoun tankou'm papa kijanm pral fè rete nan Kay la pou kont Mwen ☹️.


Papa Rachelle :Mwen te pale sa Avec Dam lan deja,kise Madam Joseph,se Lakay li ou prale wi annatandan.


Rachelle :Se pa dam ki rete nan Kay krèm e Blan an.


Papa Rachelle :Wi.


Rachelle :Ou konn si dam sa pa gen move jan papa, poukisa se lakay li ou pral kite'm lan.


Papa Rachelle :Madam lan pa gen anyen non,li gen yon sèl Pitit fi ki rele Dieuna,Dam l'an okipe Pitit la Tankou se yon ti lous wi.


Rachelle : Ebyen ok, piga dam saa vinn fè'm pase mizè sèlman.


Papa Rachelle :aaa li pap fèw pase mizè.


Rachelle : Ebyen ok.


👉🏾 Pandan li vinn fè après midi,Madam Joseph Chita Avec Pitit fi pal la kise Dieuna epi yap pale.


Madam Joseph : Dieuna pou jan nou te konn bezwen sèvis laa,nou pral jwenn agogo wi 😊.


Dieuna :nan kijan nou pral jwenn agogo a manmi ?


Madame Joseph : Papa Rachelle la pral pati se nan menm li pral kite Rachelle wi.


Dieuna : EByen se sa ki pral fè nou jwenn sèvis agogo a ?


Madam Joseph :Wi jan nou te konn ap fòse fè travail la, kounya se Rachelle wi ki pral fè yo ban Mwen.


Dieuna :Riiree lap enpôtan wi,lèkonsa nou fè tròp travail vre.


Madame Joseph :Wi sak pi rèd la li Timoun toujou.li pap ka dim li pap fè travail.


Dieuna :😃😃.


Madam Joseph: Rachelle pral pote bokit dlo ban mwen,lap fè tout travail nèt,e kòb papal pral voye yo mpral fèw kale jèn fiw,e Rachelle li Menm Mwen ka lage yon ti 5$nan menl.


Dieuna :Map kontan tròp poujan mwen konn bezwen kale jèn fim kounya se pa pale wi,tèlman Mwen pral klere.


Madam Joseph :😃😃wi Epi papal la Tankou gro idyo,tout kòb li pral voye,map nèk pran yo pou'm okipe'w sitou ou te déjà grosi, kounya ou pral tounen yon ti bèf.


Dieuna :😃Mta kontan wè sa wi,kilè lap vini Menm ?


Madame Joseph :Se nan semèn l'an papa ti sina a ap vinn avèl la wi.


Dieuna :☹️ Mpaka tann poul vini, Paske Mwen vle kale jèn fi'm la,e Mwen piti Toujou kounya tout travay pral pou Rachelle,oufff mpaka tann pou li vini avec ti sina sa.


Madam Joseph :li pa lwen vini non.


👉🏾 Pandan madame Joseph ap pale Avec Dieuna, téléphone li pran sone 📞 bling 📞bling📞bling📞 bling


Dieuna :Kiyès kap relew la manman?


Madam Joseph:Papa ti sina wi, banm tande sal pral di'm lan.


Dieuna : Ebyen tande non.


Madam Joseph:Allo ! Papa rachou kijanw ye la ?


Papa Rachelle : Mwen la wi, Kijan kò a ye menm ?


Madam Joseph:Mwen anfòm wi ou konnen n'ap fè efò.


Papa Rachelle :Mwen kontan sa wi, Mwen te pale ak demwazèl la wi.


Madam Joseph: Sal diw la menm,li dakò pou'l vinn lakay Mwen ?


Papa Rachelle :Wi,kòm se Manman pitit ou ye wa edel pou Mwen.


Madame Joseph :Mpaka tann non pou'l vini,mpral okipel byen pou ou la, nan de jou wap wè men grosèl.


Papa Rachelle : Ebyen se paske mwen konnen kisa ou ka fè wi kifè se nan menw m'ap kitel la.


Madame Joseph : Mbyen kontan se nan menm wap kite rachou ☹️ Paske Mwen te vle edel depi lontan.


Papa Rachelle :Mèsi davans wi madame Joseph,Mpanse apati de mèkredi map potel ba ou.


Madame Joseph : Ebyen dakò m'ap tann li.


Papa Rachelle :Ok.


👉🏾Papa Rachelle la finn pale Avec Madame Joseph nan Téléphone l'an, Touswit après papa Rachelle la Rantre lal plwaye ti rad Rachelle yo mete nan malèt.


👉🏾 Nan Demen maten Henry kwaze Avec Anderson sou rout la.epi yap pale.


Henry :Ohh Sak gen la anderson.


Anderson: Ebyen nou poze wi kolònn Mwen saw regle Menm ?


Henry : Ebyen nou la wi.


Anderson : EByen se sa wi.


Henry:Wi ! An palan de sa ou pa sonje ti fanm Mwen tap palew de li a ?


Anderson :Ki ti fanm?


Henry: Rachelle Monchè ou konnen gen lòt fanm nan katye a Mwen renmen ankò.


Anderson: Riiiire yow kòmsi se avec Rachelle wap panse la, Rachelle se yon Timoun li ye wi frè'm.


Henry:Mpa Manman l mpa papal,men se Beauté'l Avec kalite'l ke Mwen renmen.


Anderson:Esa tande frè'm, m'en fòk ou konnen se yon Timoun li ye lap difisil anpil wi pou'w rive sou li.


Henry:Ohh jènjan tankou'm ou panse sim ta rive sou Rachelle Mwen pap bon ?


Anderson:Mpa di sa non,Bonm konn saw vo Monchè.


Henry:Yoww an palan de sa,apa mpran nouvèl papa Rachelle la pral pati,epi yo pral kite Rachelle Kay Madam Joseph la.


Anderson: Lollll kòmsi brother,ou konn tout bagay ki kote'w pran nouvèl sa Menm ?


Henry:Oh Mwen Menm wi,gen yon bagay kap pase nan zòn lan pou'm pa konnen.


Anderson:Kisaa? Jan madam Joseph gen move jan,li pral fè bri sou ti Rachelle nèt.


Henry:Wap mande, dam sa tèlman gen move jan bro,anfen.


Anderson:An pasan mpap rete non frero,mgen yon komisyon mpral pote ale la na gentan pale plus baz.


Henry:Ok bro,pa gen Cho non.


Anderson:Yah.


👉🏾Henry Avec anderson bay respè a 🤛.Epi Anderson ale li kite Henry chita pou kont li, Henry Menm ap pale pou kont li.


Henry:Li mèt janl ye a fòk Mwen posede Rachelle wi menn,ti fanm saa gonw Dash se pa pale wi,fòk Mwen fonw ti tape kanmèm, Antouka banm al mache pou'm wè si ma kontre avèl sou chemin an.


👉🏾 Henry leve kote li Chita sou ti Plas la,epi li tonbe ap mache sou chemen an poul wè sil ka kontre Avec Rachelle.


👉🏾Nan mèkredi maten byen bonè,papa Rachelle la pase de poze Rachelle kay Madam Joseph la,epi papa Rachelle la li menm tou file li pran rout pòtoprens pou li.


👉🏾Apènn Rachelle ateri kay Madam Joseph la, Madam Joseph kòmnse bal move jan 🤨🤨.


À Suivre.......


✍️Écrit par ✍️ : KEN-G.

24. Mai 2022 20:13 1 Bericht Einbetten Follow einer Story
1
Lesen Sie das nächste Kapitel Soufrans Rachelle #2

Kommentiere etwas

Post!
Djennyfer Mesidor Djennyfer Mesidor
😍👏👏👏
May 24, 2022, 21:24
~

Hast Du Spaß beim Lesen?

Hey! Es gibt noch 10 Übrige Kapitel dieser Story.
Um weiterzulesen, registriere dich bitte oder logge dich ein. Gratis!